Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
TSK
TSK · Judges 19:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.
Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.
¶ Dènye jou fèt la, wa a t'ap bwè, kè l' te kontan. Li fè rele sèt nan nèg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas.
Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.
Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.