TSK

TSK · Judges 2:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri.

Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.

¶ Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la.

¶ Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.

¶ Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.

¶ Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.

Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman.

Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.

Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.

Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.

¶ Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.

Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.