TSK

TSK · Judges 20:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.

Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.

¶ Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.