TSK

TSK · Judges 3:27

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.

Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.

¶ Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo.

¶ Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li.

li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.

Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.