TSK

TSK · Judges 3:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.

pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.

Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.

Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.

¶ Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la.

Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.

Koulye a, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m' sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant pwofèt Baal ak katsan pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.

Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.

Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.

Nan tout peyi Izrayèl la, li fè demoli lotèl yo. Li kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo an miyèt moso, lèfini li tounen lavil Jerizalèm.

Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.