TSK

TSK · Judges 4:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?

¶ Jetwo te pran nouvèl tou sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prèt nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye.

Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.

Limit la soti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l' al bout sou larivyè Jouden an.

Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.