Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
TSK
TSK · Judges 4:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,
Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.
¶ Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:
¶ Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.
Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze.
Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
-Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo!
¶ Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.
¶ Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.