TSK

TSK · Judges 4:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.

Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.

Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa.