TSK

TSK · Judges 5:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,

¶ Nouvèl tout bagay sa yo rive nan zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf,

Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.

Sisera fè chache nèfsan cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.

Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam.

Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.

Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.

Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.