TSK

TSK · Judges 6:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil gason avè ou.

Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.