Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
TSK
TSK · Judges 7:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.
Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil sòlda dèyè l'.
Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li.
Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.
¶ Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.
Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou.