Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.
TSK
TSK · Judges 8:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.
Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.
Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil solda nan lame pèp Izrayèl la.
Jou sa a, yo te touye vennsenkmil moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen.
Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la.
Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari.
Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.