TSK

TSK · Lamentations 3:64

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.

¶ Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa!

Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.

Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?