TSK

TSK · Lamentations 5:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.

Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.

Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.

Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!

Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.

¶ Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?

Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.

Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.

Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.