TSK

TSK · Leviticus 14:54

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.

¶ Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Seyè a.

Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.

prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,

Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.