TSK

TSK · Leviticus 19:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.

N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.

¶ Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.

¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.

Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou.

Micah 6:1 TSK

¶ Koute sa Seyè a ap di: -Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!