TSK

TSK · Leviticus 21:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!

pa menm kadav papa l', osinon kadav manman l', kadav frè l', osinon kadav sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav moun mouri pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye, paske avèk cheve ki nan tèt l' a, sa vle di l'ap viv apa nèt pou Bondye.

Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.

¶ Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.

Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen.