¶ Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.
TSK
TSK · Leviticus 22:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Exodus 12:43
TSK
Leviticus 10:14
TSK
Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.
Deuteronomy 24:2
TSK
Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason,
Ezra 2:63
TSK
Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.