TSK

TSK · Leviticus 25:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jakòb reponn li: -Mwen gen santrantan depi m'ap moute desann sou latè. Men, mwen poko prèt pou m' rive laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Mwen pa gen anpil laj, se vre. Men, mwen pa manke bat mizè.

N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.

Men, Nabòt reponn Akab: -Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li.

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.

Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!

L'ap anvayi tout peyi Jida a, l'ap rive ra kou, l'ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L'ap pwoteje peyi a anba zèl li!

Hosea 9:3 TSK

Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.

Joel 3:2 TSK

Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.

Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.