TSK

TSK · Leviticus 26:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.

Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.

¶ Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.

Job 15:20 TSK

Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.

Job 20:25 TSK

Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.

Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.

¶ Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.

Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!

Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.

Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.

¶ Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!

N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gen tan sèvi avè l'. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gen tan goute ladan l'.

Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo.