-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.
TSK
TSK · Leviticus 27:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.
¶ Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.
Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye.