TSK

TSK · Leviticus 4:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.

Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.

¶ Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.

Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.

Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l' sou tèt Arawon. Se konsa li mete l' apa pou Bondye.

Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.

¶ Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.

Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.

Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal.

¶ Nan gwo chanm sa a, te gen kat tab, de sou chak bò pyès la. Se sou tab sa yo yo te touye bèt yo te ofri pou touye pou Bondye, kit pou yo boule l' nèt, kit pou wete peche yon moun fè, kit pou peye pou sa yon moun fè ki mal.

Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.

Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.