TSK

TSK · Leviticus 5:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Twa ti mamit edmi, se valè twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fè yon gwo bidon.

Lè w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.

Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.

L'a pote l' bay prèt la, prèt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyè a, l'a boule l' sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule bèt pou Seyè a. Se va yon ofrann yo fè pou wete peche a.

¶ Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.

nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?

Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.