TSK

TSK · Leviticus 5:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.

Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.

Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,

Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la.

Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.

Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san lavalè.

Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa.

Luke 19:8 TSK

Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.

Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye,