TSK

TSK · Leviticus 7:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.

Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.

¶ Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm.

Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?

Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.