Exodus 40:16
TSK
¶ Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.
Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.
Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.