TSK

TSK · Luke 1:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?

Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.

Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': --Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: --Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!

Luke 1:7 TSK

Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.

Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.