TSK

TSK · Luke 1:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).

Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)

Luke 1:13 TSK

Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.

Luke 2:21 TSK

¶ Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li.

Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,