TSK

TSK · Luke 1:54

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!

Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

¶ M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.

Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

W'a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l' bay zansèt nou yo nan tan lontan!

¶ Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.