TSK

TSK · Luke 11:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!

Mark 3:22 TSK

¶ Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.

John 7:20 TSK

Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?

John 8:52 TSK

Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.