TSK

TSK · Luke 12:56

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.

Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.

Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?

li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo!

Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,