TSK

TSK · Luke 17:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yon lè rive, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou mouri. Li lapriyè Seyè a. Seyè a reponn li, li fè l' wè yon mirak.

Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.

Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.

John 5:14 TSK

Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.