Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.
TSK
TSK · Luke 18:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
¶ Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.
(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!
¶ Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.
Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.
Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.