Psalms 143:7
TSK
¶ Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
¶ Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive.
¶ Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.
¶ Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil an, milan se tankou yon jou.