¶ Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
TSK
TSK · Luke 20:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.
¶ Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.
Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.
Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la.