¶ Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
TSK
TSK · Luke 20:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Matthew 21:23
TSK
Luke 19:35
TSK
Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li.
John 2:18
TSK
Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a?
Acts 4:7
TSK
Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: Kote n' pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa?
Acts 7:35
TSK
Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a.