¶ Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove.
TSK
TSK · Luke 22:33
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?
Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.
Pyè di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.
Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman?
¶ Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.
Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.