Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
TSK
TSK · Luke 23:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa!
Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.
¶ Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.