TSK

TSK · Luke 23:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: --Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.

Mark 6:14 TSK

¶ Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.

Luke 9:7 TSK

Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo.