TSK

TSK · Luke 24:38

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?

¶ Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.

Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.