TSK

TSK · Luke 4:42

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.

Mark 1:45 TSK

Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.

Luke 6:12 TSK

¶ Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.

Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo.

John 4:40 TSK

Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.