Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
TSK
TSK · Luke 5:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?
Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.
Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve.
Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.
Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.
Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an.
Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe.
Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.