¶ Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye.
TSK
TSK · Luke 5:34
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li!
Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen!
Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante
¶ Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.
Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.