TSK

TSK · Luke 6:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.

¶ Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.

Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.

¶ Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon.

Mark 7:24 TSK

¶ Jezi kite kote li te ye a, li ale nan zòn ki nan vwazinaj lavil Tir la. li antre nan yon kay, li pa t' vle pesonn konnen li te la. Men, li pa t' kapab rete kache.

Luke 6:12 TSK

¶ Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.