Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l' ou ankò si piyajè pran l' san pesonn pa wè sa,
TSK
TSK · Luke 6:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
¶ Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,
Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?
Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.
Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.