Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.
TSK
TSK · Luke 7:50
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Habakkuk 2:4
TSK
Mark 5:34
TSK
Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
Luke 8:18
TSK
Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an.
Luke 8:48
TSK
Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze.
Romans 5:1
TSK
¶ Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
James 2:14
TSK
¶ Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?