Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?
TSK
TSK · Luke 8:47
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
¶ Nan tan lontan, lè moun Efrayim yo te pale, tout moun te pran tranble. Yo te rive chèf sou tout lòt branch fanmi Izrayèl la. Men, y' al fè sa ki mal. Y' al adore Baal. Se poutèt sa yo pèdi pye.
Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.
Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.
Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.
¶ Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.