TSK

TSK · Luke 8:48

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.

Elize reponn li: --Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,

Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen.

Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.

Luke 7:50 TSK

Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.

M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.