TSK

TSK · Luke 9:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi.

Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.

Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.

Acts 6:15 TSK

Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.

¶ Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.

¶ Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.