TSK

TSK · Luke 9:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Luke 9:22 TSK

Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.

John 1:29 TSK

¶ Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.

Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.

Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.

¶ Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

¶ Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè.